TOUT SE MAY – Rockfam (lame a)
Â
Pèp aysyen nou bouke soufri, fòk sa chanje
Vote m ! E votem si-w vle chanjman
 Toppy x
 Yo ! nabitye tande bèl diskou
Nou pap pran nan manti ankò
Chak 5 kan yo vin n bwote
Lagen nan tou n’ toujou antò
Malgre tou se may yo fin bann
Devwa sivik nou se vote
Men manje pa janm desann
Nan lavi chè richès yo ye
Bel pwojè sante, edikasyon
Pou bati pon ak wout
Tout se fo zespwa nap jwenn
Kourann toujou nan blakawout
Ou men-m ki konsène eske
Se lajan selman w vinn bwote
Dim pou ki kafou, jak kwadepe pa janm ka asfalte
Pou kisa se elèv lise ki toujou pi maltrete
Yo sèvi ak yo tankou se esklav ki nan batey
Pouki? Men pou ki edikasyon
Se sou kont sektè prive
Pouki lè la pli tonbe men tout peyi a inonde
 JAH B
 Depin naksepte poun vote mwen Jah-B kòm prezidan
Mwen pwomèt nou avek tout kè mwen
 kwè mwen sensèman
Konstitisyon an pral respekte
Lalwa pral aplike, la vi chè ya prale bese
Tout moun pral ka manje
Nou pa bezwen pè  n’mèt fèm konfyans
Gouvènman m nan ap gen transparans
Depi se minis ki pral vòlè bò kotem pap gen chans
Malere pap bezwen peye lajan pou yo sa jwenn jistis
Pwoteje, sevi, bay sekirite
Va prensipal wòl la polis
 Kè
 Tout se may, tout se may
Pou blofe malere (bouda malere)
Tout se may, tout semay
Pou blofe malere (bouda malere)
Tout se may, tout se may
Pou blofe malere (bouda malere)
 II- Big JIM
Meseye le kandida met dim kijan-w pral aranje-w
Pou ka reyalize bel pwomès wap plede fè nou yo
Gad nan figi nou wap wè dezespwa delala se chomaj la vi chè avek lamizè kap touye frè nou yo
Lè-w pran pouvwa a konnen pral depale
Le sa nou pral ba-w chalè tankou-w son elèv rekale
Entènasyonal la ap fè nou filalang
Lavi a vin pi di tankou se kout ponya ti machann
Ou di-w pral fe pou peyi a prè pou peyi a
Ou vle mete nan lespri pèp la
Ke-w gen yon gwo rèv pou peyi a
Eseye gen pitye pou li, nou pran nan twòp monte desann,
Gen lòt peyi kap bann manje kounya kte konn koube devann
 Jah BÂ
 Mwen pwomèt nou lèm fin pran pouvwa pap gen eksklizyon soyal
Nèg pou nèg , nèg po wouj pwal  fon- w sèl
Kont diskriminasyon rasyal
Ayisyen pral sispann dòmi reve
Sil pa pati lavil pap janm chanje
Pwojè sosyal travay pou malere
Se sak pral fè aktyalite
peyizan pap bezwen vin lavil
Abandone richès latè pou vye deal
Mande enstriman agrikòl
Nou Pral simen nan tout tèt mòn kou nan plen
Si nou vle yo sispann treten’ bosal
Oubyen lò t peyi sispann gaden’ mal
Fòk nou tout mete tèt nou ansanm
Pou rèv nou pa woule nan san
 Kè
 Tout se may, tout se may
Pou blofe malere (bouda malere)
Tout se may, tout semay
Pou blofe malere (bouda malere)
Tout se may, tout se may
Pou blofe malere (bouda malere)
 III- Mata Precha
 Se premye peyi m wè dirijan pa respekte pèp li
Swadizan sak dil vle prezidan pan janm respekte tèt li
Aprè chak eleksyon gen sak fin vote k’anvi koupe dwèt li
Sil jene trip li ap kòde fòl fon-w jan pou l demele get li
Tout kòb peyi a finn pase nan fè pwopagann
Pou fon-w kat idantite fon-w pran gwo gagann
Afe pouvwa sa son-w kòb kach
E sak fè nèg ak kostume pa vle okipe lòt tach
 Koral
 May ! May ! nan bouda malere
Nan bouda malere (4 fwa)
Â
(Out Show)
Votem ! Vote sin vle lavi n chanje
(tout se May !)
Bon m din vote
(Yon bann vòlè kap di vote)
Se pa May ! tout se May !
--------------------------------------------------------------------------------
Aidez-nous à poster d’autres lyriques sur le site web. Vous avez des lyriques ?  Envoyez-nous ces lyriques à Cette adresse email est protégée contre les robots des spammeurs, vous devez activer Javascript pour la voir. avec votre nom et prénom entant que contributeur de la section lyrique du site web.Â
Citer cet article sur votre sitePour créer un lien vers cet article sur votre site,
copiez et collez le texte ci-dessous dans votre page.
Prévisualisation :
Vendredi, 03 Juillet 2009















Mister Wong
Bookmarks.cc
Digg
Del.icio.us
Slashdot
Netscape
Furl
Yahoo
Technorati
Newsvine
Googlize this
Blinklist
Facebook
Wikio
Diggita
















