Home Ipap Lyric Barikad Crew - Jiskaprezan (Lyric)
OrangeBlueGreen BigMediumSmall GreenOrange
  
Web hosting
Barikad Crew - Jiskaprezan (Lyric)
Écrit par ipapkreyol.com   
Jeudi, 25 Juin 2009 16:56
Hits smaller text tool iconmedium text tool iconlarger text tool icon

Barikad Crew - Jiskaprezan


Yo gen lè bliye sin n’ se senbòl libète pou yo
Yon jenès kap panse pou n’ pote yon chanjman pou yo
An nou mete pye n’ nan dlo pou yo
Pou yo sispann viv dozadooooooooooooooo

Bricks

Jiskaprezan gen moun ki nan prizon, k nan lavi di
Sak pa ou mal jije men la jistis nan pati pri
Manman pitit toujou problem lekòl paka peye
Gro toujou ap fè piti abi, droit d l’homme pa respekte
Gen de bagay li lè pou nou konprann
Nou di nou lib, m still wè nou sou kont blan
Ou pata di le mot chanjman pa ekziste pou nou
Nou kondane pou n’ ret konsa kiyès kap di ase pou nou
Pa gen lòt moun kap fèl
Si wap ret tann ou pap wèl
Lè ya rive pou se nou k pou di n’ bouke
Nou pi mal k’on bann zo tèlman m we yap finn souse nou
M’ pa ka konprann poukisa
Rèv tout ti jèn son bout viza
Problèm sa dwe rezoud kounya
Pou l’ pa pi mal pou nou pita
Yo tout gen gen foli chèf deta
Kisa n’ fout fè pou peyi sa
Chita fè bèl promès, Bay moun pawòl anestezi
Sa paka demokrasi , m plis wèl sanble on demagroji.

Kè

JISKAPREZAN, mantalman nou anchene
JISKAPREZAN, nou pa konn sa ki verite
JISKAPREZAN, anpil moun paka manje
JISKAPREZAN, la jistis ap mal fonksyone
Yo gen lè bliye sin n’ se senbòl libète pou yo
Yon jenès kap panse pou n’ pote yon chanjman pou yo
An nou mete pye n’ nan dlo pou yo
Pou yo sispann viv dozadooooooooooooooooooo

Fantom

Bat chal bare dèyè blofè, fo lidè ak li tousou
Roulibè, tout souf nan tchou yo sa ki prann pou ti joujou
Ann di aba, ann defann dwa nou, ayiti se vi nou tou
Revandike san bri san kont, fòn sispann boule kaoutchou
Lajann pa al sere nan djakout, fòn sispann achte chat nan makout
Sin rete kou je pete klere, ayiti ap pran nan la derout
Pa al kwè nan 6 ke 9 paske yo tou le de krochi
Sam vle wè peyiw ka nèf se ou k’ pou envesti nan li
Kouri kitel di lòtbò dlo ou kichòy yo miyò
Vann tout avwaw saw posede pandan nan je yo l’ se lò
Pran kantè ou riske neye, menm siw rive yap depòte w
Pran san w’ frè yo fèw peye pou sak pi chè a libète w
Ou sou tèw yap presyon, pròp enterè w yap baw baton
Ou se esklav jiskaprezan, mete pye w nan dlo pou gen chanjman
Bon tan mwen, hmmmmmm, men jikilè wap kale jew
Pou w fè konnen ou se gran moun, pou w’ fout fè yo aprann respektew

Kè

JISKAPREZAN, mantalman nou anchene
JISKAPREZAN, nou pa konn sa ki verite
JISKAPREZAN, anpil moun paka manje
JISKAPREZAN, la jistis ap mal fonksyone
Yo gen lè bliye sin n’ se senbòl libète pou yo
Yon jenès kap panse pou n’ pote yon chanjman pou yo
An nou mete pye n’ nan dlo pou yo
Pou yo sispann viv dozado

Brital

Chak gouvènman toujou menm bagay yo k’ an vòg
Yo pap ba nou jòb non yap vann nou dròg
Jiskaprezan yo still gen problèm ak thug
Peyi nou depann de moun
Poutan moun toujou grangou
Yo vinn sou pretexte ede moun
Yo menm ankò kap leve moun
Tròp kidnapping ki fè touris yo pè
Fòn stope krim si non nou poko prè
Se yo kap piye nou
Se yo ki pyeje nou
Yo vle devye nou
Yo vle dejwe nou
Y’ap fè tout sa anplis de sa yo divize nou
Men pouki koz lòt nasyon ap imilye nou
Nan lari yo gen tròp timoun san zabri
Ayiti gen tròp problèm aprè lapli
M’ bezwen nou kwè nan tèt nou
Se nou k’ demen an
Rèv nou nan tèt pou li n’ pap bouke goumen an
Li lè pou gen chanjman
Li lè pou n’ panse gran
Hein

Kè

JISKAPREZAN, mantalman nou anchene
JISKAPREZAN, nou pa konn sa ki verite
JISKAPREZAN, anpil moun paka manje
JISKAPREZAN, la jistis ap mal fonksyone
Yo gen lè bliye sin n’ se senbòl libète pou yo
Yon jenès kap panse pou n’ pote yon chanjman pou yo
An nou mete pye n’ nan dlo pou yo
Pou yo sispann viv dozadooooooooooooooooooooooo
 

-------------------------------------------------------------------------

 

Aidez-nous à poster  d’autres lyriques sur le site web. Vous avez des lyriques ?   Envoyez-nous ces lyriques à Cette adresse email est protégée contre les robots des spammeurs, vous devez activer Javascript pour la voir. avec  votre nom et prénom entant que contributeur de la section lyrique du site web.

 
Citer cet article sur votre site

Pour créer un lien vers cet article sur votre site,
copiez et collez le texte ci-dessous dans votre page.




Prévisualisation :


Powered by QuoteThis © 2008


Téléchargez gratuitement ce plugin de Social Bookmarking pour Joomla!

blog comments powered by Disqus
Mis à jour le Vendredi, 03 Juillet 2009 01:41
 

FOLLOW IK BLOG


FOLLOW RAR BLOG


How many Ipap online:

Nous avons 19 invités en ligne

Follow Ipap Kreyol

  • Digg: koolodo
  • Facebook: 222044551143811
  • Facebook Page: rappromo
  • Flickr: ipapkreyol
  • FriendFeed: ipapkreyol
  • Jaiku: ipapkreyol
  • Linked In: pub/ricardo-vintris/35/63b/bba
  • MySpace: 484210253
  • Picasa: ipapkreyol
  • Plurk: ipapkreyol
  • Google Reader: 07927862621301830499
  • Tumblr: ipapkreyolblog
  • Twitter: ipapkreyol
  • YouTube: ipapkreyol
  • External Link: www.ipapkreyol.com/2012

Bookmark IK

 
 

Share Ipap Kreyol!

Do U love Ipap Kreyol? Send it to your friends. Just click on "Tell a friend"

Ipap Music Archive

Lee Chang

IK Stats

Membres : 340
Contenu : 317
Liens internet : 7
Affiche le nombre de clics des articles : 580966
Park Your Domain, Put your revenue in overdrive with CashParking

Top Rap Promo

Question Kit