
Lite Pou’n Ka Rive
"Pa gen yon kote rap la pa ka pa evolye depi gen promosyon ak lòt moun k’ap panse pozitif pou rap la ka vanse pou pi devan.
Daprè mwen, nan 10 zan ankò, si rap la kontinye konsa, se pa plafon selman l’ap pete, l’ap menm rive nan lot planèt yo...
lol..."
KILLAMAN: M’salye Ipap Kreyòl tou, e’m remèsye’n pou travay sa n’ap fè a nan mouvman rap la. Killaman se patnè'k dread la, k’nèvè scared la, lol... Killa, se yon rapè k’ap viv ozeta zini nan West Palm Beach Florida.
IK: Pou Kisa ou chwazi KILLAMAN pou AKA?
KILLAMAN: Bon, fanmi’m, zanmi’m, rele’m Jr. Men pi fo moun kote’m leve an Ayiti rele’m Killa, a coz de tout sa’m metrize, mwen kill li. C’est-a-dire: mwen alèz nan nenpòt ki domènn mwen pratike.
IK: Kòman KILLAMAN kòmanse nan Mizik pou rive nan rap kreyòl la?
KILLAMAN: Depi nou piti n’ap fè mizik, e’m renmen anpil lòt kalite mizik ke moun pap menm kwè Killa ta ka tande (Country, Zouk, etc). Rap kreyòl la menm, se depi sou epòk Master Dji, ORS, Masters e lòt ankò, nan BPC (Rue Nicolas) kote’m grandi an Ayiti nou te rive tonbe nan rap la, rive jiskisit, n’ap fè bagay yo mache pou’n wè sin’n te ka pran yon lòt nivo.
IK: Eske KILLAMAN se rap li fè sèlman?
KILLAMAN: Non, mwen te nan lame (US NAVY), mwen act, e’m fè mekanik tou. Epi’m jwe wòl papa chak jou nan vi’m.
IK: Wap viv nan West palm Beach, florida, eske ou panse rap kreyòl ka evolye nan yon milye anglofone tankou etazini?
KILLAMAN: Pa gen yon kote rap la pa ka pa evolye depi gen promosyon ak lòt moun k’ap panse pozitif pou rap la ka vanse pou pi devan.
Daprè mwen, nan 10 zan ankò, si rap la kontinye konsa, se pa plafon selman l’ap pete, l’ap menm rive nan lot planèt yo... lol...
IK: Pou kisa ou chwazi fè rap kreyòl, men pa fè rap an angle tankou wyclef te kann fè l Okomansman?
KILLAMAN: Bon, mwen te konn rape an anglè oparavan, kounye a se plis kreyòl. Hip hop Ameriken an bon wi, li gen plis opòtinite ladann, men kounye a, since nou pa bò isit, nou rape an “Crenglish” ki se yon mixture d’Anglais et Créole. Pou’m byen di’w, mwen plis alèz nan ti kreyol mwen...
IK: kòman mache rap kreyòl la ye nan Diaspora a?
KILLAMAN: Pa bò isit, plis nèg, tankou Killa, rape pou amou yo gen pou game lan. Paske li difisil pou’w ta jwenn yon manadyè, ou byen yon moun pou ta met bagay yo nan yon lòt level. Men gen lòt moun tou k’ap fè efò pou rap la ta ka menm jan ak an Ayiti, kote rap la ta ka met kòb nan pòch MC yo e ke yo ta ka pran’l kòm yon karyè.
IK: Nou konnen KILLAMAN ap travay sou premye albòm ni, eske ou ka pale nou de albòm sa?
KILLAMAN: Nou gen album “Haitian Killaz” lan ki se group mwen, e ki sipoze sòti an Oktòb la si bon DYE vle. N’ap travay sou mixtape “Sitcom” lan tou ki se dezyèm group mwen, e pou’n fini, m’ap travay sou album pèsonel pa’m. Tit album Haitian Killaz (HK) la rele: “Lite Pou’n Ka Rive”.
IK: Konbyen track ap gen sou albòm sa?
KILLAMAN: Mwen kwè ap gen 10 track ladann sèlman, plis intro, skit, etc...
IK: Eske wap gen lòt atis rap kap featuring sou albòm sa?
KILLAMAN: Yeah, nou gen Top Adlerman, Fantom (BC), Lène St. Ange...
IK: An palan de Fantom, gen moun ki di se kouzen-w misye ye?
KILLAMAN: Yeah, misye se gran kouzen’m.
IK: Pou kisa ou bay albòm nan tit: "LITE POUN KA RIVE"
KILLAMAN: Se mwen ki vinn ak tit sa. Mwen te vle pote mesaj non selman pou MC nou gen deyo yo toujou k’ap fè zefò nan game lan, epi pou tou Ayisyen parèj mwen yo ki ap lite toupatou pou yo realize rèv yo. M’ap di yo pa dekouraje. Pito yo eseye, ketan yo echwe san yo pat eseye...
IK: Kilè albòm la ap disponib pou moun jwen ni?
KILLAMAN: 21 Novanm 2009, lap fèt Ozetazini nan Festival Rap Kreyòl la k'ap oganize pa RAPANOU ki se yon pwodiksyon Papy Mawozo.
IK: E pou moun ayiti yo, yap jwenn ni menm lè ak moun etazini yo?
KILLAMAN: Yes, n’ap travay sou sa.
IK: Eske albòm sa se pwojè solo KILLAMAN ou gwoup Haitian Killaz?
KILLAMAN: Album sa se pwojè Haitian Killaz ki se trokèt la e an menm tan yon entwodiksyon de Killaman, Album Killaman lan ap chay la, so li dèyè!
IK: KILLAMAN, Pi fò moun an ayiti poko konnen w ki sa wap fè pou sa?
KILLAMAN: Si yo poko konnen’m, kimele’m, alo laba pou yo. Lol... Just kidding! Bon, sel sa’n ka fè se kontinye travay pozitif, kwè nan GOD, epi Lite pou jiskaske’n Rive...
IK: Ou panse albòm ka fè anpil mounn konnen w, ou di mwens si ou ta vinn bay plizyè konsè an ayiti?
KILLAMAN: Album lan se yon ed li ye. Men si nou ta al jwe Ayiti de tan zan tan, plis moun te ka konnen’m.
IK: Nan mizik KILLAMAN ke mwen koute, mwen wè ou voye anpil toya sou lòt rapè tankou nan mizik ou Konnen an ak verite, eske sa vle di KILLAMAN nan beef?
KILLAMAN: Lol... non, nou pa nan beef. Poko gen MC ki ka atake Killa, paske yo konnen nou t’ap met nan bòl yo...
IK: KILLAMAN ap viv Ozetazini, e poutan li site non kèk gwoup rap kreyòl kap viv an ayiti nan mizik li yo, pou kisa se gwoup sa ou chwazi?
KILLAMAN: Rockfam, BC? Se pa mwen’k chwazi yo non blood! Kom m’toujou di pifò moun ke lè’m spit, 95% sa’m di se verite, so mwen kwè se sa’k fè non gwoup sa yo site.
IK: Eske ou panse Mizik Rap kreyòl yo kap fè elòj pou gangster, gen plas nan rap kreyòl la?
KILLAMAN: Nah, ou ka gangstè ou pa rapè, oubyen ou ka rapè ou pa gangstè. An mem tan tou san dyòlè, ou ka yon “Gangster Rapper” menm jan ak Killa! Men rap la pa gen plas pou gangstè ki gen foli rapè ou pou rapè k’ap pran pòz gangstè yo.
IK: Nou wè Wyclef gen pwojè sosyal pou Ayiti, eske nou ka wè yon jou KILLAMAN ap ede peyi l nan pwojè sosyal?
KILLAMAN: Li pa enpòsib, depi Killa gen lajan Clef genyen yo ou plis, n’ap menm fè plis pwojè pou peyi a...
IK: Ki dènye mo KILLAMAN ka di sou albòm li yan kap sòti an mwa oktòb?
KILLAMAN: Bon, se yon albòm tout fanatik ipap kreyòl ta sipoze genyen pou yo ka eksperyanse kijan mouvman an ye pa bò isit.
Epi l’ap vann ak yon pri ke tout moun ka gen yon albòm Haitian Killaz lakay yo...
IK: Ki dènye mo KILLAMAN pou entenòt Ipap Kreyòl yo.
KILLAMAN: Sipòte website yo, paske sa y’ap fè a pa fasil. Pa kite “comment” malònèt pou atis k’ap fè efò yo epi lè’n kwaze avek yo pou’n bayo respè! Aprè sa mwen di nou mèsi kom mwen se yon entenòt tou, epi Respekte! Blaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaaa.............
||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||
Ipap Kreyòl remèsye w pou entèvyou sa ou akode l.
|||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||||
Se Koolodo ki reyalize Entèvyou sa pou Ipap Kreyòl
Pour crer un lien vers cet article sur votre site,
copiez et collez le texte ci-dessous dans votre page.
Prvisualisation :
Lite Pou’n Ka Rive
Jeudi, 20 Août 2009
Jeudi, 20 Août 2009
Powered by QuoteThis © 2008














Mister Wong
Bookmarks.cc
Digg
Del.icio.us
Slashdot
Netscape
Furl
Yahoo
Technorati
Newsvine
Googlize this
Blinklist
Facebook
Wikio
Diggita
















