Â
ENTEVYOU IPAP KREYOL AK PROJECT BOYZÂ
SIJE PRENSIPAL ENTEVYOU SA SE SOU TOUNE PROJECT BOYZ AN AYITI
KAP KOMANSE 1YE DAWOU POU Â RIVE 15 DAWOU 2009 LA.
 "TU PEUX METTRE":
Â
Â

Ipap Kreyòl: IK ap remesyè -w pou entèvyou sa ou akode nou. Project Boyz pare pou vinn fè malè  an ayiti sòti premye pou rive kenz dawou nan lakou d Ayiti. Eske ou ka prezante, Project Boyz ak Piblik Entènòt Ipap Kreyòl la ?
Â
In Action:  Map salye tout fanatik Ipap kreyòl ak tout Fan Project Boyz yo..Avan mwen kòmanse, map fè yo konnen ke nou renmen yo anpil pou sipò ke yo ba nou.. Gwoup la, gen 8 Solda ladann...Iceman, In Action, Ejay, Black Neldy, Young E, Master Fa , Don P, Shinyman - Mesye yo te kòmanse mouvman an depi byen lontan, mwen menm pèsonelman mwen te jis konn prodwi pou timesye yo, men mwen pat fè pati ladann. Se kounye-a ou ka wè, mwen se Beatmaker epi mwen se relasyonis yo tou.
Â
Ipap Kreyòl: Pou kisa nou chwazi rele gwoup la Project Boyz ?
Â
In Action: Nou rele Group la Project Boyz, paske nou sòti nan Gheto epi nou te vle montre moun yo ke gen anpil nan nou ki sòti nan gheto a ki gen yon lòt vizyon tou.
Â
Ipap Kreyòl: Pou Kisa yon gwoup Rap Kreyòl tankou Project Boyz fè Baz li nan lakou Etazini ? Eske se fasilite pwodiksyon ou pou rezon pèsonèl chak manb nan gwoup la ?
Â
In Action: Rezon ki fè nou fè gwoup la Isit Etazini, se paske se la nou rete epi nou fè etid nou isit..Nou bezwen bay mesye rapper Ayiti yo sipò pa nou tou. Si yo dèyè a ap travay di pou mouvman an, Nou sipoze fè menm jan tou, pou'n ba'l bourad tankou Barikad Crew di'l...
..
Ipap Kreyòl: Toune sa, eske se inisyativ Project Boyz ou Envitasyon yon Konpayi Pwodiksyon nan lakou d Ayiti ? Pale nou de Oganizasyon toune sa ?
Â
In Action: Pou'm diw byen, Nou gen anpil moun kap mande pou Project Boyz men nou pat janm te ka rantre akoz nou pat geny'on moun ki reprezante nou ayiti.. Nou vin genyen Vlad N' Joy ki nan Radio Planet Kreyòl kap travay tèt kole ak nou Epi misye envite nou vin montre moun yo sa nou ka fè, Epi se konsa nou vin gen anpil lòt pwomotè ki ta renmen nou jwe pou yo tou.
Â
Â
 Ipap Kreyòl: Nou Konnen gen mouchwa rouj, gen mouchwa nwa ki poko janm jwe ansanm, e nou men m Project Boyz ak ki mouchwa nap Jwe lè nou an ayiti?
Â
In Action: Nou pa gen pwoblem ak kelkeswa mouchwa-a, Paske nou renmen tout lè 2 mouchwa yo paske se yo ki remete mouvman an kote li ye la-a. Nap tou fè yo konnen ke nou menm Project Boyz, nou renmen yo anpil e nou ta renmen toujou travay ak yo...
Â
Ipap Kreyòl: Eske ou ka ba nou yon ti ide de kalandriye toune Project Boyz la an ayiti ?
Â
In Action: Mwen konnen nap jwe 2 dawou nan Sen Mak, Nou ta sipoze jwe 7, 8, 9 dawou nan potoprens ki poko fin asire men nou konnen nap jwe preske nan tout fèt kap genyen nan lòt vil yo.
Â
Ipap Kreyòl: Project Boyz ap pèfome ak lòt gwoup Rap Kreyòl ? Sou Ki kritè nou chwazi gwoup sa yo?
Â
In Action: Project Boyz pa vreman gen yon kritè, Se jis nou vle montre koman biznis la fèt, pagen afè ou pi gwo ke yon lot, depi ou nan menm mouvman ak yon lot ou ta sipoze alez avèl "That's right they call business"
Â
Ipap Kreyòl: Eske nou panse ke Project Boyz ka trennen anpil moun pandan toune sa e pou kisa ?
Â
In Action: Mwen panse depi gen pwomosyon, lap genyen anpil moun kap vini wè nou Paske nou ka kategorize tet nou tankou tout gwoup tenor yo..Nou fè bon mizik epi moun yo ap toujou ka renmen wè nou..
Ipap Kreyòl:  Ki sa  nou  atann nou aprè toune sa ?
Â
In Action: Nou panse ke moun yo pap desi de nou epi nap genyen plis Fanatik, paske nou prepare  pou'n fè kè moun yo kontan.
Â
Ipap Kreyòl:  Aprè toune sa, ki pwojè imedya Project Boyz?
Â
In Action:Â Apre toune a, mwen panse ke moun yo ap gen chans pou yo genyen albom nou ki genyen poul soti..Nou genyen pou na'l fokis sou li epi pou'n soti'l
Â
Ipap Kreyòl:  Kisa ou ta renmen di Piblik entènòt  Ipap Kreyòl  yo  pou femen  entèvyou sa ?
Â
In Action: Mwen ta renmen di tout moun net an jeneral pou yo toujou al sou Sit sa-a kise www.ipapkreyol.com, paske se sèl Sit ki pa nan patipri, ki vle ede jenès la, Epi pou yo toujou sipòte mouvman rap la, by calling the radios to request any hip hop kreyol group songs that you like, se pa selman project boyz Men se tout moun kap fè bon bagay. epi si nou bezwen updated de project boyz, nou ka toujou ale sou Sit pa nou kise www.projectboyz.com...
 Â
 --------------------------------------------------------
Â
Entèvyou sa se Koolodo ki reyalize li pou Ipap Kreyol [ipapkreyol.com]Â
----------------------------------------------------------
Â
Citer cet article sur votre sitePour créer un lien vers cet article sur votre site,
copiez et collez le texte ci-dessous dans votre page.
Prévisualisation :
Entèvyou Ipap Kreyòl ak Project Boyz Sou toune yo gen pou fè an Ayiti Sòti 1ye pou rive 15 dawou 200
Mardi, 28 Juillet 2009
Mardi, 28 Juillet 2009
Powered by QuoteThis © 2008














Mister Wong
Bookmarks.cc
Digg
Del.icio.us
Slashdot
Netscape
Furl
Yahoo
Technorati
Newsvine
Googlize this
Blinklist
Facebook
Wikio
Diggita
















