Â
 MPJ ak LAFRIK GINEN ap ba nou RapSin!

Mouvman rap kreyòl la pa rete Sèlman an Ayiti e gen anpil Atis Rap kap frape nan peyi lòlbò dlo tankou OZETAZINI. Mouvman poko pran vitès li OZETAZINI, menm jan an Ayiti, men gen anpil gwoup kap frape e yo menm patise nan festival konpa e pwòp festival pa yo tou. Se poko gwo koze, men nou espere ke sa ap vini tipa tipa. Se konsa, nou pwal fè konesans ak yon atis k’ap you’n nan premye atis rap k’ap vini ak melanj Style rap ak Style Rasin, sa nèg AYITI DIASPORAP yo rele RapSin ak Yon single k’ap soti 27 jiye 2010. Grenn mizik (Single) sa rele LAFRIK GINEN, ki pap pran tan pou’l mete albòm li deyò ki se DOUB 6. Se yon plezi pou IpapKreyol.com ak Rap Kreyòl Mag, prezante’w MPJ nan yon ent èvyou, pou’n ka dekouvri pwojè li gen pou mouvman rap kreyòl la.
Â
IK & RK Mag :  MPJ, Ipap Kreyòl salye-w  e remèsye-w pou entèvyou sa ou deside akode l. Se kilès MPJ ye?
Â
MPJ:  Premyèman mwen salye tout fanatik ipapkreyol.com ki akodem entèvyou sa. Mwen se MPJ ki siyifi My People Journey, yon atis rap k’ap evolye OZETAZNI e ki fè rap nan lang kreyòl la.
Â
IK & RK Mag : Â Pou Kisa ou chwazi MPJ pou Non Atis ou?
Â
MPJ: Non mwen se PETERLY JEAN, mwen soti LIMBE, mwen grandi LIL HAITI. Mwen panse ke mwen g’on misyon byen detè mine pou Pèp zansèt mwen ki goumen an 1803 e ki pwoklame endepedans nou an 1804, epi an 1806 papa endepandans la te asasine sou pon wouj, dapre sa istwa ba nou kòm vèsyon ofisyèl. Pou tout Sa, mwen chwazi MPJ pou non Atis kise My  People Journey.
Â
IK & RK Mag : Kòman MPJ kòmanse nan Mizik pou rive nan rap kreyòl la?
Â
MPJ: Mizik kòmanse entèrese’m depi lè mwen te nan Edison High School kote mwen te antre nan Fanfa, jwe enstriman twonbòn ak yon lòt ki rele Oiano. Nan rehreyasyon nan lekòl la, mwen te fè pati yon gwoup ki te konn anime, gwoup sa te rele  5TH AVE ZOE’S A.K. JAY BOYS. Lakay mwen, mwen te kon’n kanpe nan chanm mwen ap freestyle, mwen melanje angle ak kreyòl pou’m te kreye freestyle.
Â
IK & RK Mag :    Eske MPJ se rap li fè sèlman?
Â
MPJ: Non mwen pa fè rap selman, mwen se ekriven, pwodisè e mwen s’on chèf kwizine tou, si ou bezwen bon manje mwen ka fèl pou ou e se koupe dwèt … lol.
Â
IK & RK Mag :   Wap viv  OZETAZINI, eske ou panse rap kreyòl la ka evolye nan yon milye anglofone tankou etazini?
Â
MPJ: Mwen panse ke rap kreyòl ka evolye Ozetazini san pwoblèm si nou fè bon mizik, gen bon pwodiksyon epi melanje kreyòl ak yon ti angle tou. Lè nou wè jan REGGEATON ap evolye Ozetazini e se latino ki fè’l, e yo sipotè’l tou. Mwen panse fòk nou ta swiv ekzanp mesye latino yo e ini nou pou’n ka vi’n fè yon sè’l fòs.Â
Â
IK & RK Mag :   Eske ou  fè rap kreyòl ou an angle?
Â
MPJ: Mwen fè rap an kreyòl e an angle, tankou mwen genyen yon mizik ki rele DOUB SIS, li an kreyòl sèlman e mwen gen My Peaple Journey ki li menm an angle.
Â
IK & RK Mag :   Nou konnen MPJ ap travay sou premye albòm ni, eske ou ka pale nou de albòm sa?
MPJ: Bon, albòm sa ke map travay sou li la finn DEPOZE. Li DEPOZE paske mwen pa jan’m sispann RECORD li, mikse li. Mwen gen J BEATZ kap pwodwi albòm nan e mwen gen KUTTUP ki se yon pwodisè Ayisyen Ameriken k’ap evolye Ozetazini, l’ap pwodwi kèk mizik sou albòm nan.
Â
IK & RK Mag :  Konbyen track ap gen sou albòm sa?
Â
MPJ: N’ap travay pou nou mete 17 tracks move move sou albòm nan e n’ap gen mizik sou tout sijè pou tout moun ki renmen mizik rap kreyòl.
Â
IK & RK Mag :  Eske wap gen lòt atis rap kap featuring sou albòm sa?
Â
MPJ: Pou featuring mwen chaje kou leba. Kòm atis k’ap pwodwi sou albòm nan mwen gen YOUNG RICH , VILX, KUTTUP, J-BEATS E-JAY ki se yon atis ZOE FAM  & 3 lòt gwo Atis AMERIKEN ke le mond antye konnen e kap yon sipriz.
Â
IK & RK Mag :  ki tit albòm nan ?
Â
MPJ: Tit albòm lan ap DOUB 6, paske rap kreyòl la se domino’m li ye e map transfòme tout lòt Atis rap ki pa kanpe sou anyen yo an doub 6 e yo se amizman’m.
Â
IK & RK Mag :  Kilè albòm la ap disponib pou moun yo jwen li?
Â
MPJ: Pou kounya nou poko g’on dat disponib, men nap travay sou ki pi bon moman pou nou mete’l deyò, e mwen garanti’w ipapkreyol.com ap premye medya online kap konnen li.
Â
IK & RK Mag :  E pou moun ayiti yo, yap jwenn li menm lè ak moun etazini yo?
Â
MPJ: Wi Ayiti ap jwenn li menm lè ak moun Ozetazini yo. Nap mete yon ekip an plas pou sa e asire distribisyon ak pwomosyon li an Ayiti.
Â
IK & RK Mag :  Eske albòm sa se pwojè solo MPJ ou  yon Gwoup?
Â
MPJ: Pou Albòm DOUB 6 la, s’on pwojè solo MPJ li ye.
Â
IK & RK Mag :  Nou okouran gen yon grenn mizik kap sòti nan mwa sa pou anonse albòm nan, eske ou ka pale nou de mizik sa ?
Â
MPJ: Mizik sa li rele LAFRIK GINEN, li se yon konbinezon style rap ak rasin ke li ye, menm jan nèg Haiti Diasporap konn ap pale de sa e lòlò tou nan boukman eksperyans. Nap antre nan melanj Rap ak Rasin e mwen panse ke rap la pwal pran yon gwo vitès ak melanj sa.Â
IK & RK Mag :  Poukisa ou deside  fè kek mizik rap ak style rasin ladann ?
Â
MPJ: Mwen deside mete Rasin nan rap la, paske mwen s’on nèg ginen, e nèg ginen pa jwe ak rasin yo, tanbou yo.
Â
IK & RK Mag :  MPJ, Pi fò moun an ayiti poko konnen w ki sa wap fè pou sa?
Â
MPJ: Mwen konnen moun Ayiti yo poko konnen’m, se pou tèt sa, m’ap travay sou bon albòm ak bon pwodwi. Mwen g’on style ki orijinal, bon mesaj, bon mizik epi nou g’on ekip ke nou komanse mete an plas an Ayiti k’ap genyen pou fè 100% pwomosyon e gen 2 sit web online ki pwal fè tout pwodwi yo mache ki se WWW.IPAPKREYOL.COM e WWW.MPJRAP.COM ke koolodo ap asire jesyon yo.
Â
IK & RK Mag :  Ou panse albòm lan ka fè anpil mounn konnen w, ou di mwens si ou ta vinn bay plizyè konsè  an ayiti?
MPJ: Mwen panse albòm nan ka fè konnen mwen anpil  e se pou tèt sa map travay sou li chak e pou mwen ka bay yon bon pwodwi. Depi albòm nan tonbe e moun yo apresye’l, ap gen konsè ke nou ap ka pap bay e nou gen ekip ke nou mete an plas an Ayiti kap okipe de sa. Mwen konsa, anpil moun ap konnen nou an Ayiti.
 Â
Â
IK & RK Mag : Nou wè Wyclef gen pwojè  sosyal pou Ayiti, eske nou ka wè  yon jou MPJ ap ede peyi l nan pwojè sosyal?
Â
MPJ: Rèv mwen se wè Ayiti nan koup di monn an 2014, edikasyon pou tout timoun ki pa gen chans al lekòl.Â
Â
Â
IK & RK Mag :  Ki dènye mo MPJ ka di sou albòm li yan kap sòti a?
Â
MPJ: Se yon albòm ke kretyen, politisyen, dodouyizan ak tout fanatik ki renmen mizik ap ka koute. Nou espere ke fanatic yo sipote rap kreyòl tou pa tou.Â
Â
IK & RK Mag :  Ki dènye mo MPJ pou entenòt Ipap Kreyòl yo.
MPJ: Mwen voye yon gwo kout chapo pou tout moun kap sipote rap kreyòl e tout atis k’ap travay di ak anpil pozitivite pou jèn yo ki se pi gwo fan yo. Mèsi pou IPAPKREYOL ki deside akodem entèvyou sa e pou Rap KREYOL Mag.
Â
Ipap Kreyòl ak Rap Kreyòl Mag remèsye w pou entèvyou sa ou akode nou.
Koolodo pou Ipap Kreyol ak Rap Kreyòl Mag.
Citer cet article sur votre sitePour créer un lien vers cet article sur votre site,
copiez et collez le texte ci-dessous dans votre page.Prévisualisation :